No video

Cap-Haitien Vlog: Okap Nightlife |Kòman są ye nan program yo| Okapiana 2.0

Kisa ou ka fè Okap lanwit?
Depann de peryòd nan ane a, ak jou nan semèn nan lavi lanwuit trankil men l prezan. Restoran sou boulva a fèmen bò 2zè nan maten, e nan wikenn sitou byen ta, w ap jwenn moun nan lari sou boulva a sitou nan wikenn.
Si w bezwen danse ki kote ou ka ale?
Okap pa gen night club, annou di ke mwen, m pa konnen l gen night club, si nou konnen yonn , nou ka toujou pale m de li, m ap kontan al vizite l epi fè videyo , si posib.
Pou sa ki gen pou wè ak koute mizik oswa danse ou ka ale nan yon bar oubyen nan restoran ki sou boulva a. Nan jou semèn yo, pa gen anpil aktivite nan yo. Men nan wikenn, se yon lòt bagay. Boukanye ak Lakay konn gen bon anbyans DJ, lè sa yo gratis , ou jis gen pou konsome nan espas la.
Men lè gen pwogram se yon lòt bagay. Pwogram yo sitou fèt nan wikenn e ou gen pou peye pou gen aksè ak espas la lè konsa.
Ki pwogram ki konn gen? Kòman w ap fè konnen lè genyen?

Пікірлер: 7

  • @pyelila
    @pyelilaАй бұрын

    Kontinye lage nan lavi nou 🔥🔥🔥

  • @SamaraAlcius
    @SamaraAlcius2 ай бұрын

    Za!!!! Ban nou plis videyo konsa svp🥹 Tou kanpe m rete wi😭 Mèsi pitit! M pat konnen si nightlife Okap te bèl konsa non😭

  • @sikkrem

    @sikkrem

    Ай бұрын

    M ap eseye fè plis men m pa ka pwomèt anyen😅 N ap tann ou pou vin viv li😌😉

  • @deessenorahslife
    @deessenorahslife2 ай бұрын

    Mèsi pou bèl videyo sa Za!😍🔥🔥

  • @sikkrem

    @sikkrem

    2 ай бұрын

    Se yon plezi🥰

  • @Valdysound
    @Valdysound2 ай бұрын

    M panse se de bgay lougarou k ta pral pale wi 🤣🤣🤣

  • @sikkrem

    @sikkrem

    2 ай бұрын

    Yon lòt fwa petèt😂😂

Келесі