No video

Cap-Haitien Vlog: Jounen nan yon plaj ke anpil moun pa konnen😉

Okap se yon vil Ayiti ki bò lanmè , li gen anpil plaj , anpil moun vini nan vil la pou ale nan plaj li yo. Genyen plaj ki pi pre vil la ke lòt , sila ki pi aksesib , mwens chè, sila ke plis moun konnen ak frekante ke lòt. Konsa tou gen jou ke plaj yo gen plis moun pase lòt. Si w vle trankil ak alèz sou plaj la, ale yon jou nan semèn nan e ki pa ferye.
Plaj nou te ale ladan l , dimanch lan rele Gerzon , li twouve l sou "côte Labadie" a, nan mitan Belly Beach ak Dalhoo Beach . Nou te pran bato pou ale ladan l , li anviwon 10 minit apre estasyon bato a. Li se yonn nan plaj sa yo ke anpil moun pa konnen ni abitye ale ladan l. Gerzon pa yon plaj ki amenaje , ou dwe mache ak tout sa w ap bezwen lè w prale la : Twal/chèz pou chita , bwason, dlo pou rense kò w, mizik, jwèt pou pase tan an . Pou manje , depann de jou a , ou ka jwenn pechè k ap vann pwason , krab , langoust ke yo sot peche , ou achte l epi yo tou prepare l pou ou men li p ap gen akonpanyeman(bannan , diri). Ou ka soti ak manje w depi lavil la , oswa achte pwason nan bak fritay anvan ou pran bato, konsa tou ou ka achte manje Belly Beach ki akote a gen yon eskalye ki pèmèt ou ale ladan l pandan ou Gerzon. Espas la bèl ak pezib , e ka fè bon piknik. Men se pa yonn nan plaj ke li pa fin agreyab pou benyen ladan l ke anpil "algues" anba lanmè a.
Mèsi paske w te pran tan gade videyo a , sonje abone a li si w renmen kontni konsa , pataje l ak moun ou konnen li ka enterese , moun ou te panse a yo pandan ou t ap gade l. Pa ezite poze m kesyon ki gen rapò ak sa ou sot gade , tande , li la.
✒︎IG: Sikkrem
Kòmante ''💙" si w li tout deskripsyon an .

Пікірлер: 21

  • @user-fw5zi4zk7c
    @user-fw5zi4zk7c2 ай бұрын

    Nostalgie

  • @oranaray
    @oranaray2 ай бұрын

    Awwwww😍😍😍😍😍

  • @johnnymondestin6434
    @johnnymondestin64342 ай бұрын

    🥰

  • @vensie_glow
    @vensie_glow2 ай бұрын

    ❤✨

  • @pierrerolex82
    @pierrerolex822 ай бұрын

    ❤❤❤❤

  • @jenny-florelouis6198
    @jenny-florelouis61982 ай бұрын

    💙☺️

  • @nadegejean8295
    @nadegejean829522 күн бұрын

    Plaj se bien privew se sak few pa baw nonl lan

  • @frantzlinebertil3438
    @frantzlinebertil34382 ай бұрын

    Jèzon😍😍😍❤️❤️

  • @sikkrem

    @sikkrem

    2 ай бұрын

    Ouwiii💙

  • @WilzorAntoine-hm3nh
    @WilzorAntoine-hm3nh2 ай бұрын

    Felisitasyon ❤

  • @sikkrem

    @sikkrem

    2 ай бұрын

    Mèsi💙

  • @SamaraAlcius
    @SamaraAlcius2 ай бұрын

    M renmen tout bagay nan videyo an!!! Vwa off lan, enèji ki degaje an epi plaj la😍😍😍 M kontan wè Okap.

  • @sikkrem

    @sikkrem

    2 ай бұрын

    Mèsi Dou💙 Se yon pleas pou mwen pou m montre nou Okap.

  • @oranaray
    @oranaray2 ай бұрын

    "Si Tipi vle li ka ede w tou"🤣🤣🤣🤣 Tipi a on mechan l ye😭😭

  • @sikkrem

    @sikkrem

    2 ай бұрын

    E Tipi pa t vle 😩😂

  • @alexitacolas6473
    @alexitacolas64732 ай бұрын

    M renmen sam wè an. Bon travail Za🫡

  • @sikkrem

    @sikkrem

    2 ай бұрын

    Mèsi🙌🏾

  • @deessenorahslife
    @deessenorahslife3 ай бұрын

    Yon bèl vlog oui Za!😍🔥🔥 Epi’m renmen ti pale nan vwa off la,anpil vérité kap pale,kreye souvni se yonn nan bagay kap ede’w kenbe moral ou wo nan moman tibilans yo…Jou’w wè se li ki konte,kenbe laa M byen enjoy vlog la💙💙😍.

  • @sikkrem

    @sikkrem

    3 ай бұрын

    Mèsi Norah 💙

  • @niedelvariste6517
    @niedelvariste65172 ай бұрын

    M reyalize tout bon apre m fin gade videyo an ke m sonje Okap😭😩

  • @sikkrem

    @sikkrem

    2 ай бұрын

    Konsa Okap sonjow tou 😩

Келесі