Nan mitan gwo LANME ak TANPET mwen te ye [ Soeur noel Mirlande ]

Музыка

1.
Nan mitan gwo lanmè ak tanpèt mwen te ye
San sekou m te pèdi, San lafwa, san limyè.
Bridsoukou mwen wè yon
Gwo bato ap pase,
Mwen ranmase tout fòs mwen
E mwen pran rele: O sekou! O sekou!
Kilès ki pou sove m? O sekou!
2.
Se bato Levanjil ki te byen ekipe
Li t ap mennen fidèl yo
Nan wwayòm Bondye.
Kapitèn bato a wè efò mwen tap fè
Ak yon men m byen anlè
Mwen te kriye byen klè: O sekou! O sekou!
Kilès ki pou sove m? O sekou!
3.
Bato levanjil la te fè mwen reprann kouraj
Nan gran bonte li, chèf la
Pran ka mwen an chaj.
Kounye a mwen kontan e zafè mwen regle
Paske gran Sovè a rive kote m te ye.
Glwaradye! Glwaradye!
Konsa nanm mwen chante, Glwaradye!
4.
Zanmi dekouraje ki pa konnen lapè
K ap fè nofraj anba terib lanmè peche,
Sovè mwen dispoze sove ou si ou vle.
Vin chèche sekou Li kounye a san dèle.
Li sove m! li sove m!
Ak lajwa w a chante: Li sove m!

Пікірлер: 12

  • @Enelsaintlouis1479
    @Enelsaintlouis14793 ай бұрын

    🙏🏾🙏🏾🙏🏾🙏🏾🙏🏾🙏🏾🙏🏾

  • @Enelsaintlouis1479
    @Enelsaintlouis14793 ай бұрын

    Amen

  • @yanicklacroix4634
    @yanicklacroix46343 ай бұрын

    Gloire à Dieu wap chante avec toute zange nan ciel yo🙏🏽❤️🙏🏽❤️🙏🏽❤️🙏🏽❤️🙏🏽❤️

  • @soeurmirlandenoelm.136

    @soeurmirlandenoelm.136

    3 ай бұрын

    Gloire a Dieu seum BonDye beniw

  • @jeannathanaugustin3999
    @jeannathanaugustin39993 ай бұрын

    Amen amen!

  • @soeurmirlandenoelm.136

    @soeurmirlandenoelm.136

    3 ай бұрын

    Gloire a Dieu

  • @edmondmarjoline430
    @edmondmarjoline4303 ай бұрын

    Amen,amen Bondye beniw sista chérie

  • @soeurmirlandenoelm.136

    @soeurmirlandenoelm.136

    3 ай бұрын

    Gloire a Dieu, BonDye beniw egalman seum

  • @jonny.jan76
    @jonny.jan763 ай бұрын

    Bonjour Sr milande

  • @soeurmirlandenoelm.136

    @soeurmirlandenoelm.136

    3 ай бұрын

    Bonjour mon Frere Dieu te benisse 😊

  • @BertinoMichel-ange
    @BertinoMichel-ange3 ай бұрын

    Amen

  • @BertinoMichel-ange
    @BertinoMichel-ange3 ай бұрын

    Amen

Келесі