Jounal Kreyòl Premye Okazyon || Madi 9 Jiyè 𝟐𝟎𝟐𝟒

1.- Direkte jeneral PNH la,Rameau Normil lanse yon mizangad bay gang ak zam yo - rekreyasyon an fini,deklarasyon nouvo DG PNH la, aye lendi a akonpaye jeneral Kenyan Godfrey Otunge,chef misyon miltinasyonal pou apiye sekirite a.
Polisye yo pral trake epi rekipere tout zon bandi ak zam yo okipe toupatou nan peyi a ,dapre direkte jeneral PNH la.
Operasyon ,ki vize demantle gang ak zam yo ,kapab lanse nenpot ki moman ,selon Rameau Normil ki fe konnen pa gen ni jou ni dat pou lanse seri operasyon sa yo.
2.-Yon lot kote DG PNH la, anonse depi 7 jiye 2024 la, yo reprann kontwol lopital jeneral ,bandi yo te itilize kom baz pou atake pale nasyonal ak lot batiman piblik nan kapital la.
Gen dives rankont ki oganize ak misyon Kenyan nan pou abode zafe sekirite peyi a ,dapre Rameau Normil ki fe konnen yo te nan period evalyasyon ak planifikasyon aksyon fos lod yo ap gen pou deloje gang ak zam yo.
Enstitisyon lapolis la ap pran tout dispozisyon pou pemet polisye yo retounen nan pos yo atrave 7 komin andedan peyi a ki depi 2 lane pa gen prezans okenn polisye ,dapre nouvo DG PNH la .
3.-Nou pral travay pou lape retounen sou tout teritwa nasyonal la ,pap genn okenn posiblite echek nan misyon an,deklarasyon Godfrey Otunge,koman an chef polis Kenyan nan ki komanse deplwaye nan peyi a depi 25 jen pase a .
Responsab la pwomet fos miltinasyonal la pral ede PNH la ranfose epi Mennen operasyon ,pou konbat gang yo epi amelyore sekirite atrave peyi a .
4.-Enstalasyon Met Lionel Constant Bourgouin kom nouvo komise gouvenman potoprens . Se jean Fanel Bazelais ,kite reprezante minis jistis la, nan seremoni enstalasyon an ,ki dewoule aye lendi a ,nan tribunal premye enstans potoprens la.
Nouvo chef pake a kite deja okipe fonksyon sa nan lane 2011 mande PNH la pou aji atan ak tout evantyel enstriksyon pake a epi enfome li konsenan tout enfraksyon kita komet nan jiridiksyon an .
Konsenan avoka yo, nouvo komise gouvenman ak yon ton fem ,aveti yo pou di pake lap dirije a pap yon poliklinik ni yon boutik .
5.- Regwoupman oganizasyon dwa moun yo Ensemble contre corruption mande pou premye minis Garry Conille pou bay eksplikasyon sou vizit li nan peyi etazini, soti 28 jen pou rive samdi 6 jiye pase a .
Ensemble contre corruption mande chef gouvenman pouf e limye sou sou objektif vwayaj sa nan peyi etazini, rezilta nasyon an ap gen pou tire nan diferan rankont yo ak kantite lajan lite koute leta ayisyen .
6.- Sant analiz ak rechech nan zafe dwa moun kontinye plede an fave kreyasyon yon tribunal espesyal oubyen yon chanm espesyal pou ede nan reyalize yon anket sou asasina ,prezidan Jovenel Moise, 7 jiye 2021 pase a.
CARDH ki konsidere asasina prezidan , tankou yon krim transnasyonal ,mande mizanplas yon tribunal espesyal pou abouti ak yon vre desizyon jistis ,dapre sant analiz ak rechech nan zafe dwa moun .
Prezantasyon : Dieuseul GUERRIER & Johnny FERDINAND
Meteyo : Chrisnette SAINT-GEORGES
Tansyon Lari : Mackenson RÉMY 4x4
Spo : Jacques Hans Vilfort (jako)
Pwodiksyon : Jean-Claude DOLCÉ
kowòdinasyon : Peterson LUXAMA
Redaksyon : Dieuseul GUERRIER
Reyalizasyon ak Sou Entènèt : Jack thedd Jr Dieudonne & Jimmy Cly Théagène

Пікірлер: 2

  • @severinsosolisso9909
    @severinsosolisso99094 күн бұрын

    Poutine, le vrai abolitionniste.

  • @danielmednar3035
    @danielmednar303523 күн бұрын

    Johnny , on ne peut pas faire une omelette sans casser des œufs.