Jezi ou se pen ki bay lavi a - Chorale Les Messagers de Notre Dame du Fatima

Jezi ou se pen ki bay lavi a
Nou konne se ou menm ki nan losti
Nou jwenn pen sa a gras a Manman Mari
Mèsi Jezi ou ki ba nou manje sa
1- Se ou ki di kòm se manje tout bon
Si w pa manje l ou pap sa gen lavi
pawòl ki klè pa mande diskisyon
nou kwè nan ou, nou kwè nan manje sa
2- Ou te di nou mwen avek nou tout tan
Ou la tout bon byen vivan nan losti
Nou jwe sou ou se ou kap ban nou fòs
pou n kenbe fè m nan traka lavi sa
3- Satan te pran tèt Ev nan paradi
Depi lè sa tout ras la vin febli
ou fè manman w chape anba pyèj sa
Ou bal pouvwa pou l kraze tèt satan

Пікірлер: 1

  • @jovanyjoseph8897
    @jovanyjoseph8897 Жыл бұрын

    Jesus