GRAN TIT || Jounal Kreyòl Premye Okazyon vandredi 10 Me 2024

Ойын-сауық

AYITI-jounal Kreyol premye okazyon vandredi 10 me 2024
1.-Ansyen senate Gracia Delva reponn ak kesyon jij Merlan Belabre ,nan kad dosye koripsyon nan sena repiblik la .
Dapre rapo sa ULCC te pibliye nan mwa novanm 2023 kote yo te rekomande pou mete aksyon piblik an mouvman kont plizye ansyen senate pou detounman machin sena .
Met Jean Renel Cenatus ,youn nan avoka Gracia Delva fe konnen ansyen senate a pa gen okenn machin nan men li ,sevis lojistik sena konnen ki kote lap jwenn machin yo.
2.-Apre 8 jou li pase femen nan komisarya delma 33, Sekrete jeneral sena Marie Nelly Verpille Boyer jwenn liberasyon li aye jedi a.
Jij enstriksyon Merlan Bellabre te bay lod arete secrete jeneral sena 2 me pase a ,apre odisyon li ,nan kad anket sou sou dosye koripsyon nan sena repiblik la .
3.-Li posib pou vol konpayi avyon yo kite prevwa reprann 15 me kap vini la repote pou yon lot dat ki poko fikse akoz garanti sekirite yo ki poko reponn nan zon ozalantou ayopo entenasyonal Tousen Louveti a .
Dezyem faz pwoje demolisyon kay ak antrepriz kite sevi kachet pou bandi yo atake ayopo a ap demare nan semèn kap vini yo nan zon tankou fwaye divin,Sarthe,Lakou Malo ak Dwouya,dapre Majistra Taba Nice Simon.
Tout kay plizye etaj ak antrepriz ki domine pis ayoyo a menm si yo twouve yo jiska 40 met parapo ak kloti ayopo a ap gen pou demoli . Pwoje sa ki prevwa agrandi ak sekirize zon ayopo a gen pou rive jis sou wout nasyonal nimewo 1 an.
4.- Antretan dapre direksyon jeneral AAN gen diskisyon ki angaje ak konpayi avyon yo konsenan aksyon ki dwe poze pou pemet operasyon vol komesyal yo kapab reprann prese prese nan ayopo entenasyonal Tousen Louvetu ak ayoga Guy Malary a.
Gen dispozisyon ki pran pou amelyore sekirite a nan zon ayopo a ,nan tet kole ak lapolis nasyonal dayiti ,fos lame dayiti ak lot enstans konsene yo,dapre AAN.
Nan not sa,autorite portuaire national yo (AAN) raple evenman 29 fevriye yo kote bandi ak zam te atake plizye batiman leta tankou ayopo entenasyonal Tousen Louvetu a ,sa ki ralanti plizye sevis enpotan ,tankou sispann operasyon vol entenasyonal ak nasyonal konpayi avyon yo .
5.-2 lot avyon lame ameriken ateri aye jedi a nan ayopo entenasyonal Tousen Louvetu .
Abo 2 avyon sa yo ekipman,materyel ak yon dizen solda kenya ki vin founi je gade koman preparatif yo ap vanse nan kad deplwaman fos miltinasyonal la.
Yon Santen lot solda ta dwe rive fen mwa me a ,nan kapital la,toujou nan kad vini fos miltinasyonal la kap vin ede fos sekirite nasyonal yo konbat gang ak zam yok ap teworize popilasyon an .
6.- Lapolis nan gonayiv ,arete aye mekredi a ,Jerry Carra ak Destin Jackson ,pou enplikasyon prezime yo nan anlevman ak sekestrasyon yon jen demwazel ,19 lane.
Pandan odisyon yo, 2 prezime kidnape yo ki non Selman avwe yo te komet zak la epi vyole demwazel la fe konnen yo te deja resevwa 50 mil dola sou yon vale 200 mil dola yo te zije pou liberasyon viktim nan .
7.-Jiskaprezan se konfizyon total apre dram madi pase a nan katye matisan kote pou pipiti 4 moun mouri san konte plizyé lot blěsě ak bal abő yon bis trafik kitap soti sant vil potoprens pou ale nan komin kafou.
Malgre anyen pa klĕ sou sikonstans zak sa a, yon bann sektĕ rantre sa ki rive a nan kad ensekirite ak vyolans ki femen kapital la kote sikilasyn machin pa fasil nan anpil katye nan potoprens ki enpratikab.
Mete sou sa fatra ki fé yon sel ak kadav kap kankannen anba difě nan zon mayi gaté ,nazon ak lot kote anko nan kapital la ki tounen yon simityé depi 29 fev pase a . Nap gen poun swiv yon repotaj ak Jean Georges Blaise

Пікірлер: 9

  • @astreljean2178
    @astreljean2178Ай бұрын

    Gm guys mezzanine ooooooooooooooo

  • @freneld1502
    @freneld1502Ай бұрын

    Bonwpa ront pou ap di Gracia reponn jig ki jig

  • @anneaumonice9436
    @anneaumonice9436Ай бұрын

    Bon travail fanm vayannt❤ . Tigwav devannnnn

  • @Beauty-pv6fr
    @Beauty-pv6frАй бұрын

    Radio Marchand micro 🎤

  • @mariejean7252
    @mariejean7252Ай бұрын

    Senatus se avoka Aya konnye a chemin lajan pa gen pikan pou nèg sa yo bann gang

  • @fritzcenal2219
    @fritzcenal2219Ай бұрын

    Sa vle di nou finn tiye Jovenel , ki sa nou te atann? Police chen sa yo

  • @pierreduchemin623
    @pierreduchemin623Ай бұрын

    Au sein du Conseil, seul le MRE (The Morally Repugnant Elite) mène la danse et dont les membres sont en train de jouer, cette fois-ci , à visière levee "yon jwèt vraiment bossal" laa. Et personne n'en parle. Il faudra que tu commences à prêter attention et à t'y intéresser sérieusement. C'est une variable dont personne ne contrôle les actions malsaines. C'est là que se situent les véritables enjeux de la bataille. Il faudra essayer de jeter un petit coup d'œil. C'est quelque chose qui mérite qu'on commence à vraiment dénoncer . La balle est dans les pieds de la presse et du journaliste d'investigation que tu es.

Келесі