GRAN TIT Jounal Kreyòl Premye Okazyon Lendi 17 Jen 2024

Ойын-сауық

1.- Anviwon 11 moun mouri asasinen, pami yo 3 pwofesè lekòl, kek lòt blese nan yon atak gang ak zam Ti Bwadòm yo, ki boule 8 kay, nan Lagon, 3zyèm seksyon kominal Tènèv ak nan zon laplen komin gwomon toujou depatman Latibonit.
Poko gen twop enfòmasyon sou vre sikonstans masak sa a, gang ak zam Ti Bwadòm yo komet soti lannwit vandredi pou louvri samdi pase a,dapre jij depe terre neuve la,Guenael NORGAISSE kap gen pou entevni an direk nan jounal la maten an .
2.- Anpil desizyon pral pran nan jou kap vini yo pou ranfose travay lapolis la, sa se deklarasyon premye minis Garry Conille ki resevwa fanmi 3 polisye UTAG bandi te asasinen 9 jen pase a,nann delma 18.
Mwen te pran tan pale, koute madanm ,manman ,papa, zanmi Fermitus ,Wilken ak Clovis ki bay lavi yo pou pwoteje lavi nou , pawol deklarasyon Garry Conille X li . Anvan sa ,Chef gouvenman akonpaye minis jistis la,Carlos Hercules te vizite sou kabann lopital polisye Luckson Sanon,19zyem pwomosyon PNH la kite viktim atak bandi nan kad travay li sou wout fre ,petyonvil, semen pase a.
3.-Soti mwa janvye rive desanm 2023 ,128 timoun ,78 lot blese grav ,dapre yon rapo konsey sekirite nasyon zini yo, pibliye komansman mwa jen 2024 la .
Timoun sa yo viktim nan moman echanj kout zam ant gang ak zam yo ak fos lod yo, dapre konsey sekirite nasyon zini yo ki konfime pami viktim yo gang gran ravin responsab lanmo 35 timoun, 18 mouri anba bal gang babekyou , 12 anba bal gang 400 mawozo .
Toujou selon dokiman sila, manm baz gran grif nan savyen, 5 segond nan vilaj de Dieu,canaan, belekou, gran ravin ,G9 , kraze barye, ti bwa ,bel-air ,400 mawozo ,kokorat san ras ak Gpep responsab ansanm 41 ka vyol sou fanm andedan peyi a.
4.-PNH la anonse ajan dives inite espesyalize tankou UTAG,BRI,CIMO ak seksyon anjen lou lapolis la deplwaye nan zon delma 4 ak Tokyo ,nan delma 2 ,yon fason pou rive demantle fwaye gang nan zon sa ki gen nan tet li Jimmy Cherizier alyas Barbecue .
San yo pa bay twop detay sou kantite bandi kita blese, mouri oubyen arete fe konnen ajan lod yo boukante anpil kout bal ak endividi ame yo epi debloke kek barikad kite sou wout yo.
5.-Anpil pawol senpati ak solidarite pou fanmi animate emisyon Matin Deba, Louko Desir ki pedi yon fason trajik pitit gason li Stephane Desir vandredi pase a .
Louco Desir ki tap anonse nouvel la sou radio Éclair fe konnen se ta yon swisid piske viktim nan li menm ki pote tet li sou yon ray tren nan eta florid . Nan non direksyon jeneral radio Caraibes nou prezante senpati nou bay fanmi viktim nan prensipalman animate emisyon matin deba louco Desir

Пікірлер: 3

  • @henrygallat7660
    @henrygallat766012 күн бұрын

    Hello

  • @julesberthaud7860
    @julesberthaud786012 күн бұрын

    Tchiiiip nou rele sa operasyon

  • @ineltanis2080
    @ineltanis208012 күн бұрын

    Kote dam nan, mw pa tandel

Келесі