No video

GRAN LAKOU - MEDSIN TRADISYONÈL AVÈK DARATI MAKANDAL

Gen yon pawòl ki di : "tout fèy nan bwa gen non pa yo." Men sa pa anpeche "tout fèy se fèy", ni anpeche "fèy rete fèy." Dapre sèvitè Darati Makandal, "yon Ougan pa fòseman yon medsen fèy. Men li ka sa tou si l pran fòmasyon pou sa. Menmjan yon medsen fèy pa sètoblije yon Ougan, menm lè li ka vin sa tou." Kit se medsen fèy, kit se Ougan, se toujou yon kesyon don ak aprantisaj. Ou ka resevwa don, men gen yon seri bagay se aprann pou aprann yo nesesèman.
Dapre pawòl envite à sou plato Gran Lakou, medsin tradisyonèl la ak medsin konvansyonèl la pòtre de (2) zèl yon sèl zwazo. E se byen domaj gen anpil moun nan sosyete nou an ki poko osinon ki derefize konprann evidans sa. Menm sou koze dozaj la sèvitè a te fè yon rale, kote l presize chak domèn yo gen jagon pa yo sou kesyon sa. Ki fè, nan medsin tradisyonèl la gen yon fòm dozaj ki pwòp ak li e ki pa oblije fèt menmjan ak fòm dozaj medsin konvansyonèl la, kontrèman ak sa anpil moun konn vle fè kwè. Prèt la fè diferans tou ant wòl tretman spirityèl, tretman mistik ak tretman fizik nan nivo medsin tradisyonèl la. GRAN LAKOU pote # sa-a pou ou toujou nan kad ak sousi pou akonpli prensipal misyon li bay tèt li, ki se : "fòme pou transfòme."
#zakaFimPwoductions

Пікірлер: 13

  • @nikitagracias7267
    @nikitagracias7267Ай бұрын

    M te kontan pran information yo é aprann sou medsin tradisyonal nou yo. Bravo 👍🏾

  • @angelainedorceus4847
    @angelainedorceus4847 Жыл бұрын

    Men diférens ant moun ki formé ak volé ignoran, koumava, map tande sou KZread la. Bravo Darati Makandal, bravo Gran Lakou.

  • @andremarie-
    @andremarie- Жыл бұрын

    Bèl travay

  • @margarethd1829
    @margarethd1829 Жыл бұрын

    Kenbe la

  • @MarieFranceMilordJean
    @MarieFranceMilordJean Жыл бұрын

    bel travay zaka mwen felisite w pou kouraj nou ak tout devouman nou

  • @ceramenadine132
    @ceramenadine132 Жыл бұрын

    Ebon travail monsieur

  • @gabrielchatelier9305
    @gabrielchatelier9305 Жыл бұрын

    Emisyon sa bel anpil, epi li gen anpil bon enfòmasyon, kenbe la mesye..

  • @ceramenadine132
    @ceramenadine132 Жыл бұрын

    Mw renmen émission yo enpil

  • @wilsondimanche687
    @wilsondimanche687 Жыл бұрын

    Bon travail

  • @wilsondimanche687
    @wilsondimanche687 Жыл бұрын

    Nap bien pale oui la Yon ougan c yon moun ki chwazi oubien ki ale lekol pou mw c sa Et neg kidi yose ougan Yopa yon chwazi et yo pa ale lekol pousa Kijan nou rele neg sayo

  • @wilsondimanche687
    @wilsondimanche687 Жыл бұрын

    Kijan nou ka ede moun kifè sucre yo

  • @EmanuelDesilma-rb9mv
    @EmanuelDesilma-rb9mv Жыл бұрын

    Kijan maf jwenn numerow stp

  • @zakafimproductions4804

    @zakafimproductions4804

    Жыл бұрын

    Nimero kilès ou bezwen an

Келесі