Dekouvri 10 Pi Bèl Kote An Ayiti

An ayiti, gen anpil bèl kote ki fè peyi nou an yon destinasyon inoubliyab. Nan videyo sa a, n'ap mennen w dekouvri 10 pi bèl kote ann Ayiti ou dwe mete sou lis vwayaj ou a. Soti nan plaj ak dlo klè tankou kristal rive nan mòn ki kouvri AK pyebwa, chak kote gen yon bagay espesyal pou ofri. Vin admire bèlte natirèl peyi nou an, epi kite nou montre w poukisa Ayiti se yon paradi ki poko dekouvri. Pa bliye abone, pataje ak kite yon kòmantè pou di nou ki kote ou renmen plis. E sitou oumenm ki kote ou sòti ?

Пікірлер: 73

  • @MHEvolution_
    @MHEvolution_Ай бұрын

    Ki kote ou pi renmen ? E moun ki kotew ye ?

  • @RosemarleineSenat-so9yp
    @RosemarleineSenat-so9ypАй бұрын

    Mwen se moun okay mw renmen tout❤❤❤❤❤

  • @MHEvolution_

    @MHEvolution_

    Ай бұрын

    Okay zone moun propre😊😊😊❤

  • @touta2014
    @touta20148 күн бұрын

    Mwen tèlman se yon malad de peyi mwen, Ayiti. li enposib pou mwen, pou m ta rive wè kote ki pi bèl pase yon lòt nan peyi.. Mèsi anpil deske wap fè m vizite peyim nan kote ke mwen pat konnen. Bravo MH Evolution! Que Dieu garde Haiti notre terre natale et qu'il vous bénisse l'équipe de MH Evolution!🙏🙏 Sr Myrrtha💙❤💙❤💙❤

  • @MHEvolution_

    @MHEvolution_

    8 күн бұрын

    Mèsi anpil sr m, Mw domi reve Jou nap KA pwofite a nouvo de bèl pays nou❤

  • @pierreansy7465
    @pierreansy746516 күн бұрын

    Mèsi frè pam pou bèl imaj sa yo ou pwojte sou peyi a. L'ile de la Torture sitou nan pwet Est lil la ak ile de lagonave bèl anpil tout.

  • @MHEvolution_

    @MHEvolution_

    16 күн бұрын

    @@pierreansy7465 Mèsi anpil pou retour ou sou vidéo a, vrèman enpòtan. M paka tann poum fè anpil touris lokal.🔥

  • @jacksonbazile6872
    @jacksonbazile687219 күн бұрын

    Mw se moun jacmel mw renmen tout ❤❤❤❤❤❤love Haiti 🇭🇹 ❤❤❤❤

  • @MHEvolution_

    @MHEvolution_

    19 күн бұрын

  • @DenisVerpre
    @DenisVerpre11 күн бұрын

    Hayti cherie, banm lakayanm

  • @MHEvolution_

    @MHEvolution_

    11 күн бұрын

    ❤ Oui

  • @mariejulmeus9555
    @mariejulmeus9555Ай бұрын

    LAKAYANM CHERI NAN NÒ AYITI, MÈSI FRÈ'M 👏👏

  • @MHEvolution_

    @MHEvolution_

    Ай бұрын

    ​@@mariejulmeus9555 Mèsi a oumenm deske w te gade videyo sa, Mèsi anpil. Pa bliye pataje l e abòne.

  • @paulstephen4987
    @paulstephen498711 күн бұрын

    Merci bon bagay kontinie

  • @MHEvolution_

    @MHEvolution_

    11 күн бұрын

    Mèsi, wi nap fè sa 🔥🎥

  • @friedrichverna3478
    @friedrichverna3478Ай бұрын

    Bon bagay..kontinue konsa..map.partaje video

  • @MHEvolution_

    @MHEvolution_

    Ай бұрын

    Mèsi anpil

  • @jogvilma178
    @jogvilma17827 күн бұрын

    SA enport tan anpil fr meté Bel imag peyia sou lèzond genyén Yon séri de jounalis tèt anba sé vand fatra nn peyia selman yo pròp osea mw pa dí ou sé jounalis men sé travay anpil nn Yo apo bon travay fr

  • @MHEvolution_

    @MHEvolution_

    27 күн бұрын

    Mèsi 🔥

  • @brunotolivier-xg6mi
    @brunotolivier-xg6miАй бұрын

    Nou gen anpil bel mèvey nan peyi Nou,, men leta fe Nou konen e knprann ke se yon move peyi😢 alòske c yon perles des Antilles,,, MESI Anpil MH Évolution,, kenbe la 🙌

  • @MHEvolution_

    @MHEvolution_

    Ай бұрын

    😮

  • @jeanbpyrol4656
    @jeanbpyrol465620 күн бұрын

    M pagen bouch poum pale e map di mesi pou prezantasion saa. Mwen te gan chans pou al vizie Citadelle la, men youn lot kote mwen vle al vizite se Saut-Maturine men m pat gen chans fe sa. Mwen te youn Dispache pou E.D.H, Tout rev mwen se al vizite Central Hydro-Electric ki te nan zonn-nan poun te ka we, ki jan li foncsione, men cepedan m pap gen chans ale nan Camperrin. Poun fini mesi pou prezantasion fomidab saa. "Bon travay kompatriot."

  • @MHEvolution_

    @MHEvolution_

    20 күн бұрын

    Mwen pran sanm poum li komantè yo 🔥 e mèsi anpil pou Komantè sa, m swete ke wap gen chans fè sa Yon jou. Depiw la tju tt bgy rete posib.

  • @JhonbernardDieujuste-qx6mp
    @JhonbernardDieujuste-qx6mp27 күн бұрын

    Bon travay frèm

  • @MHEvolution_

    @MHEvolution_

    27 күн бұрын

    @@JhonbernardDieujuste-qx6mp Mèsi frèm 🔥 Pa bliye abòne, pataje pou plis vidéo.

  • @user-jb4kt8iu7b
    @user-jb4kt8iu7bАй бұрын

    Wow nice Map Pataje l❤❤❤

  • @MHEvolution_

    @MHEvolution_

    Ай бұрын

    Mèsi

  • @eliasrd-dp3sy
    @eliasrd-dp3syАй бұрын

    France retire batay vètyè nn istwa pays a wi hmmm tèt chaje

  • @carolemarcelin1671
    @carolemarcelin1671Ай бұрын

    Mesi anpil Pam mwen renmen tout nèt❤😂😂❤

  • @MHEvolution_

    @MHEvolution_

    Ай бұрын

    @@carolemarcelin1671 m pa ka tann nivo securité pays a amelyore poum fè touris lokal

  • @carolemarcelin1671
    @carolemarcelin1671Ай бұрын

    Se vreman bel oh la la ❤❤😂😂

  • @MHEvolution_

    @MHEvolution_

    Ай бұрын

    Oui🎉

  • @user-kj9nb4ug7y
    @user-kj9nb4ug7yАй бұрын

    Good Job Bro

  • @MHEvolution_

    @MHEvolution_

    Ай бұрын

    Mèsi anpil frè pam, nap kontinye travay pou plis e pi bèl videyo

  • @user-xe2sf9cd5v
    @user-xe2sf9cd5vАй бұрын

    Cayes Sud natif natal

  • @MHEvolution_

    @MHEvolution_

    Ай бұрын

    🔥🔥🔥

  • @ZacariaSalomon
    @ZacariaSalomonАй бұрын

    ❤❤❤❤mw TA rnmen al visite basen bleu sahh

  • @MHEvolution_

    @MHEvolution_

    Ай бұрын

    @@ZacariaSalomon 🚀🇭🇹

  • @charlesjulien9527
    @charlesjulien9527Ай бұрын

    Okap la bel anpil

  • @MHEvolution_

    @MHEvolution_

    Ай бұрын

    Enpòtan 🔥

  • @user-gr6ob8ny9c

    @user-gr6ob8ny9c

    27 күн бұрын

    Ki kote ki bel la mezanmi,okap mw Yela wi

  • @MHEvolution_

    @MHEvolution_

    10 күн бұрын

    ​@@user-gr6ob8ny9cChak moun gen prop definisyon yo de sa ki bèl AK sa ki lèd. Okap c petèt youn nan vil an ayiti ki gen plis Istwa poul rakonte.

  • @T-thugmusic190k
    @T-thugmusic190kАй бұрын

    Good job my brother 🔥🔥🔥🔥 kenbe la frèm mwen renmen tout kote yo frèm mwen men'm mwen se moun miragôane 🤝🇭🇹✌️

  • @MHEvolution_

    @MHEvolution_

    Ай бұрын

    Mèsi 🙏🏾 m Tal miragôane on lè, m regret m pat fè plis jou 😢

  • @JosephDunel-ud1ji
    @JosephDunel-ud1jiАй бұрын

    Okap lakayanm

  • @MHEvolution_

    @MHEvolution_

    Ай бұрын

    Bon bgy

  • @maudejoli6318
    @maudejoli6318Ай бұрын

    Bon travay frem e bel bagay..

  • @MHEvolution_

    @MHEvolution_

    Ай бұрын

    @@maudejoli6318 Mèsi frèm

  • @moleneazor3689
    @moleneazor368928 күн бұрын

    Cap haitien lakayanm cheri ❤❤❤

  • @MHEvolution_

    @MHEvolution_

    28 күн бұрын

    🔥🔥🔥🔥🔥

  • @brunotolivier-xg6mi
    @brunotolivier-xg6miАй бұрын

    Bassin bleue 😊😊 m ta rnmen ale vizitel,, ni citadelle 🥳🥳🥳

  • @MHEvolution_

    @MHEvolution_

    Ай бұрын

    Nou swete sa posib pou u

  • @touta2014
    @touta20148 күн бұрын

    Mwen ta renmen mande ekip MH Evolution an, pou l ta fè yon vizit nan Depatman LATIBONIT pou nou silvouplè. Se pou Jezi pwoteje w.

  • @MHEvolution_

    @MHEvolution_

    8 күн бұрын

    Nou gen pwojè SA mèsi anpil oumenm tou❤

  • @loveliejabouin7366
    @loveliejabouin7366Ай бұрын

    Se nan sud gwòt Mari Jàn lan ye

  • @MHEvolution_

    @MHEvolution_

    Ай бұрын

    Gwòt Marie-Jeanne sitiye an Ayiti, nan komin Port-à-Piment, nan sid peyi a. Se youn nan pi gwo gwòt Ayiti. Mèsi 😊 pa bliye pataje videyo a e abòne pou ka tju swiv lot videyo ki Pral poste yo. Bon dimanche 🙏🏾💯

  • @NordeNidia
    @NordeNidiaАй бұрын

    Moun sa yo pa gen anpil moun kap swi yo non yo pa fé travay pou detwi peyi a yo pap vann imaj sal 😊

  • @MHEvolution_

    @MHEvolution_

    Ай бұрын

    Mèsi pou sipòw, pa bliye abòne e pataje videyo a. E sitou pou w ka toujou o kouran de videyo kap sòti yo. 😊

  • @WenjieAlexis-ee4tc
    @WenjieAlexis-ee4tcАй бұрын

    ❤❤❤❤❤

  • @MHEvolution_

    @MHEvolution_

    Ай бұрын

    @@WenjieAlexis-ee4tc 🙏🏾

  • @liciasmith7188
    @liciasmith718821 күн бұрын

    Hummmm ou pa pale anyen de Latibonit

  • @MHEvolution_

    @MHEvolution_

    21 күн бұрын

    @@liciasmith7188 oh ui, latibonit se mention honorable ❤🔥

  • @MHEvolution_

    @MHEvolution_

    21 күн бұрын

    Rir, nou patap ka pale de tt kote 😊 men c sur gen bèl kote dèyè a tou.

  • @gulllaumesamalbuinmary986
    @gulllaumesamalbuinmary98619 күн бұрын

    Koté basen zim

  • @MHEvolution_

    @MHEvolution_

    19 күн бұрын

    Bassin Zim se yon kaskad dlo ki sitiye nan rejyon Sant Ayiti, pre vilin Hinche. Li trè popilè pou bèlte natirèl li ak pisin natirèl yo ki fòme anba kaskad la. Anviwònman an genyen anpil vejetasyon ak fwomasyon wòch ki fè l' yon kote ideyal pou randone, piknik, ak naje. Donk sa kifè li c yon mèvèy e Chak bèl kote ta mérite videyo pa yo. C sur ke c yon bèl kote ❤

  • @mampimbahaoussa9582
    @mampimbahaoussa958210 күн бұрын

    Wap pale pou hou ou bien koi !? Stwiiii888888P M pa gen tan a perd...

  • @MHEvolution_

    @MHEvolution_

    10 күн бұрын

    Dakò, Mèsi deskew te klike pa bliye patajel bay on lot moun ki ka petèt enterese e apresye l Mèsi anpil.

  • @mampimbahaoussa9582
    @mampimbahaoussa958210 күн бұрын

    Labadee ou pa wont wap fè publicité pou Américain... Francheman' houn'mk !!!

  • @MHEvolution_

    @MHEvolution_

    10 күн бұрын

    Labadee se yon estasyon balnè prive ki sitiye sou kot nò Ayiti. Li opere pa konpayi kwazyè Royal Caribbean.

  • @mampimbahaoussa9582

    @mampimbahaoussa9582

    8 күн бұрын

    @@MHEvolution_ Ou tou fo, non c Américain ki ap jéré L , paske gen Youn lan politichen soi Apaid ou Aristide pou jusqu'à 2050 tande konpatriot mwen... Jn Max Bellerive men'm c l'or yo pou 50 tan ak Clinton yo e frè Hillary Clinton tande, c lan zone Labadee yo konstwui paske zone sa @ gen anpil ressources c pa Pou rien Américain affeksyone zone Nord là... Labadee gen plis ke 300 000 tourisme chak année jere par USA...

  • @MHEvolution_

    @MHEvolution_

    8 күн бұрын

    Nanpèch ke li sou Île dayiti El fè Pati de bèl kote ki gen sou zile sa, menmsi li pap Jere direkteman pa ayisyen men verite a c sa. Chaje kote ki te bèl lontan, jounnen jodia c pa menm bagay la. M jis ta renmen responsab yo Pran responsabilite yo pou ti sa nou rete yo pa fini. Nou tt ta renmen ayiti retounnen sou 2 pyel. ​@@mampimbahaoussa9582

  • @DenisVerpre
    @DenisVerpre11 күн бұрын

    Hayti cherie, banm lakayanm

  • @MHEvolution_

    @MHEvolution_

    11 күн бұрын

    🔥